ESKE 5 DESANM 1492 SE YON DAT POU SELEBRE ? DEKOUVÈT AMERIK YON JOU FÈT OUBYEN YON JOU DÈY ?
Written by Ras Eli on December 5, 2024
Vwa ak tèks Ras Eli
Tande atik lan pito: 12 minit
Kote tradisyon sa soti ?
Se apati 1792 etazini vin ak koze selebre kristof kolon ak dekouvet lamerik. Entansyon ki deye selebrasyon sa a se jwenn yon fondman pou jistifye prezans blan yo sou kontinan an kòm mèt e seyè . Sa konekte ak vye lide ki vle fè kwè se lapwovidans ki te fè yo kado tè sa a pou yo bati pwòp sivilizasyon pa yo epi chita dominasyon blan yo sou tout latè . Sa mache ak kanpe imaj yon Kristof Kolon kòm yon sipè ewo ,gran navigatè konkeran devan letènèl . Malgré depi 16e syèk lejann sa a te komanse dekonstwi lè yo mete an dout ni konesans Kolon ni pèfòmans li, ni moralitel ,sa pat anpeche yo te relanse lejann sa a pou kore pwòp listwa Etazini kon eritye swadizan koken chenn konkeran navigatè sa a. Men plizyè istoryen pa janm sispann deboulonnen estati sa a ,swa pou moutre defo ak feblès li , swa pou repwoche konsekans swadizan dekouvèt li a sou limanite, swa pi rèd ankò pou demontre se pat janm li ki te dekouvri Lamerik. Sè dènye tan sa yo tèz sa pa kanpe sou anyen ankò malgré yo pèsiste fourel nan sèvo ti moun yo nan yon ansèyman kole boyo tèt anba.
An 1986 youn nan premye zak senbolik pèp aysyen an poze se deboulonnen fizikman estati ki te sou kè kolon an pou siyifyè peyi a tanmen pran chimen liberasyonl. Malerezman nou konnen dinamik la pat rapousib , yon valè zòn nan peyi a kontinye ap pote non yon seri kolon malfektè ki te vin kontinye zèv satanik premye anvayisè ewopeyen yo. Se yon devwa memwa nou gen obligasyon pou reyalize lè nou debatize zòn sa yo pou nou mete non endyen ak moun ki te patipe nan libere nou anba kolon eslavajis sa yo. Se yon travay enpòtan si nou vle rekipere bon anj nou kir et mare ak divès bout kòd vizib ak envizib malgré zansèt yo te fin kase chenn nan pye nou.
Rankont ant 2 mond ?
Denojou yo abandone koze dekouvèt amerik la pou pale de rankont ant 2 mond. Yon lòt tantativ pou maske katastwòf san parèy envazyon ewopeyen pwovoke sou kontinan epi nan mond lan. Matris sivilizasyon lanmò kap fin depafini ak tout fòm lavi sou tè a se la li kòmanse. Se menm matris kolonyal-rasis a ki kontinye ap toupizi pèp yo , kokobe bon anj ak kò moun yo pandan lap detwi lanati. Derayman machin enfènal sa a gen yon bi li fikse, yon kote li vle rive ki se rann tè a vin inabitab pou moun vivan nan objektif pou mete nan plas li nenpòt ki zagribay yo fabrike ak feray wbyen lòt kreyati enfènal.
Pou byen konpwann sans pwofon antrepriz mete lapat sou kontinan ameriken an nou dwe enskril nan gwo lit ki genyen pou konn ki kreyati kap abite wbyen domine tè a.
Abite wbyen domine tè a ?
2 mo sa yo enpòtan an pil pou konpwann listwa kap dewoule a. Yo koresponn ak 2 vizyon depaman nan jan lezòm dwe viv sou tè a selon nan ki pèspektiv pwojè a enskri.
Abite tè a koresponn ak sa nou rele yon vizyon animis ki konsidere lavi a se yon fil san fen ki konekte tout kreyati yo nan yon kontinuum konsyans yo pataje epi manifeste diferaman. Dinamik lavi a vize sa yo rele yon elevasyon, yon ekspansyon konsyans. Tè a se yon èt vivan kap bay ak antreteni lavi . Chak moun patisipe nan konsyans lan yon fason pou asire amoni ak ekilib lavi a , sinon li dekonekte epi soti nan fil lavi a .
Lòt vizyon an se yo rele materyalis tekno syantifik , li chita sou lide lanati ak Lom separe epi objektif Lom se domine epi vin mèt nati a, jan Rene Descartes te anseyel. Selon vizyon sa a piske se sèl Lom ki posede yon konsyans se li ki sèl bowòm sou planèt la,li ka sakaje tout bagay selon bezwenl janl pi pito. Envazyon ewopeyen pwal debouche sou yon rankont konfliktyel ant 2 vizyon sa yo. Jan ekriven Kirkpatrik Sale di li se yon okazyon rate pou ewopeyen yo te apwann say o rele Moun, viv an mounite pou ekilib ak amoni lavi a. Lè espayol yo fin chase mizilman yo epi krabinen jwif yo an ewop li tap difisil pou ta jwenn yo konpwann se pa nan yon antrepriz toupizi ak krabinen lavi a te vle mennen yo.
Jan ekriven Eduardo Galeano di li « Dans la mesure où « l’Espagne catholique s’imposait en tant qu’Espagne unique, annihilant par le feu et le sang l’Espagne musulmane et l’Espagne juive », elle ne pouvait que vouloir détruire ceux qu’elle rencontrait.
Li kontinye poul di « Il ne s’agissait pas, dans ces conditions, d’une découverte, mais bien plutôt, d’un « enlisement ». Et celui-ci va de pair avec un génocide.
Vye fab 1792 la fè fon
A lokazyon 400 zan deblozay mondyal sa a diskou 1792 pou trisantenè te vin pèdi pye nèt .Je moun vin klere sou veritab dezas 1492 la te reprezante . Plizyè piblikasyon parèt an ewòp menm pou demaske fòfè a.
Sou pwen sa a pi fò otè serye kap ekri ale nan menm sans lan . Nan « les Rendez-vous de Saint-Domingue » René Luneau raple, selon sèten istoryen, envazyon ewopeyen reprezante pi gwo jenosid nan istwa mond lan .
Bernard Vincent ak Jacques Attali avanse chif alapwi. Pou kore pawòl sa a .Selon yo menm se 64 a 80 milyon moun ki peri nan kèlke ane . Zile Ayiti ki te gen plis pase 7 milyon moun an 1492 vin redwi nan mwens yon syek (1570) a 125 moun . An 4 an plis pase mwatye (4 milyon )te gen tan disparèt ansasinen ak zam, move tremnan, ak maladi. Près koumanse ap vini pou montre se pa pa aza viris yo te touye endyen yo . Se volontèman yo te entwodwi maladi pou detwi popilasyon endijèn yo. Depi la zam byolojik te gen tan ap mobilize. Depi nan premye kontak yo se plis pase 95% endijèn ki disparèt anba tout kalte viris òganis yo pat pare pou konbat. Tout yon seri vye maladi ki te devaste ewopeyen ke yo vin devlope rezistans ak yo tankou « Varyòl, tifis ak lawoujòl san konte kolera, lafyèv tifoyid, grip, blenoraji, eskalatin, ribeyòl, difteri, koklich ak sifilis.
Wka konpwann se pou sèl vizaj pal yo ak desandan yo dat 5 desanm 1492 sa a ka yon okazyon pou selebre . Kanta pou pèp premye yo , otoktòn yo ak desandan afriken yo se yon jou malè san parèy Menm pami katolik yo anpil nan yo ki gen yon ti bout konsyans te bije mande pap Jan Pòl 2 fè yon poze sou grimas sa yo ki se yon wont devan fas limanite . « Menm sila yo ki pi modere te mande pou fè dat la tounen yon jounen penitans lokazyon pou yo mande padon pou tout dega dat sa charye ak li nan listwa limanite. Patikilyèman nan lavi pèp premye yo ak zansèt afriken yo te kidnape vin trimen nan plantasyon.
Nan dènye tan sa yo gen yon pawòl ki pa sispann pale konsènan richès anba tè Dayiti. Kèk sitwayen ki pa gen movèz fwa tonbe fè pri an milya dola sa ka rapòte. Pou yo menm se sèl mwayen pou peyi chikin kòl pou popilasyon an ta rale yon souf
Yo toujou di yon pèp san memwa se yon pèp ki kondane pou reviv sal pa ta vle. Koze bwase ,zantray tè a pou fouye lò anba tè se yon chimen maduchon. Wout sila a mennen tou dwat nan raje se pa li menm Zansèt yo trase kite pou moun. Sila yo ki paka wè lòt modèl ke sa loksidan blayi sou latè a pamwayen vyolans, krim, jenosid la derefize konpwann pa gen ankenn avni pou nou ladan. Se sou san nou li bati , li pat fèt pou nou men kont nou. Se sou do zansèt nou yo konstwil li pote nan matris li tout engredyan destriksyon li te kale ak li a.
AYITI KISKEYA SE YON LÒT MÒD LAVI.