KOURAJ POU N FÈ LAPÈ
Written by Papi Zo on May 18, 2025
APÈL IJAN POU N SOTI ANBA MENAS EKSTÈMINASYON AK DESTRIKSYON PWÒP TÈT NOU.
Tande atik lan pito: 5 minit 23 segonn
Alèkile n ap mache pou rive nan tobout la, chak jou nou pwoche pi pre, soti nan mal tonbe nan pi mal, soti nan bandi legal tonbe nan teritwa pèdi, joustan Ayiti rive nan kategori wololoy peyi kote teworis ap taye banda. Kidonk, kòm li pa ka atire envestisman, li louvri vant li pou zwazo bèk fè mete la pat sou zòn sa yo. Paske lè l dako ak tit administrasyon Etazini bay gwoup tèt chaje ki rele Viv Ansanm nan, Leta ayisyen tou dakò, l ap kouve nan nich li yon danje entènasyonal. Ki pi rèd, li rekonèt li pa ka fè anyen pou ekate danje sa a.
Yo di chimen lanfè ranpli ak bon lentansyon. Ayiti vin tounen yon founo dife kote menm pi bèl dispozisyon kapab vire lanvè. Kèk enpridan gen tan kouri aplodi mezi sa a, san yo pa menm mezire tout konsekans sa genyen sou plan ekonomik ak politik e sitou sou plan senbolik. Dapre yo, se bandi pye atè sa ta konsènen sèlman. Bandi sa yo se pye bwa ki kache gwo forè rakbwa ki plen rasin nan ekonomi kriminèl transnasyonal la. Jan gang ak zam mare sosis yo ak pouvwa a, èske Ayiti pa riske tonbe nan lis Leta k ap soutni teworis ? Yo te konn rele l Leta zonbi, sa k te manke a sanble nou jwenn li se tit Leta vwayou, Leta parya.
Malgre pa fin gen antant sou fason lalwa defini kesyon teworis la « depi kèk lane, non sèlman teworis la vin tounen yon priyorite pou kominote entènasyonal la, men krim sa a monte nan tèt klasman enfraksyon entènasyonal ki pi grav yo». Konsa se nan referans ak chapit VII Chat LONI an, Konsèy Sekirite a adopte rezolisyon 1373 la kote l klase zak teworis kòm yon menas kont lapè, zak ki detwi lapè, elt. pou jistifye itilizasyon lafòs nan relasyon entènasyonal yo. Devwa enjerans la ki pèmèt foure bouch nan zafè entèn yon peyi vin prèske san limit. Nenpòt ki leta vwazen kapab santi l gen dwa lejitim, poukont li, pou l debake lakay ou, sou pretèks prevni menas teworis lakay pa l. Mete sou dezas nou deja ap travèse jounen jodi a, se yon pòt gran louvri pou kenpòt peyi k vle debake, vyole teritwa nou.
An n soti nan lagè san pye ni tèt sa a
Sa k pi dwòl la, kit se manfouben oubyen pou fè demagoji, gouvènman an pa jwenn lòt bagay pou l fè se dekrete lagè chaloska li a san l pa konsilte pèsonn. Li fè yon pike devan ak dwòn, mèsenè, atoufè, bidjè lagè; rezilta, anplis teritwa ki kontinye pèdi, se lavi moun l ap gaspiye ak pil zam sofistike chak jou.
Chwa eskalad vyolans sa a fèt prèske anba chal, an katimini, sa ki mete sitwayen yo devan yon gwo dilèm, fòk yo touye ouswa mouri. Popilasyon an sètoblije ap fè travay fòs piblik la, yo deja sispèk ki nan tout konfyolo avèk belijeran atitre yo.
Lè leta pa kapab kouri dèyè bandi, li pito pike devan, nan deklare yon lagè sivil nan peyi a, konsa li louvri pòt li byen laj pou plis ensekirite tabli toupatou. Li ofisyèlman dekrete nou nan rèy chen manje chen.
Èske nou rann nou kont, nan anbara patnè etranje yo ta kapab twouve yo, lè yo ta oblije kounye a chwazi yon kan nan mitan yon lagè sivil. Sa ki dirèk dirèk anvyole gwo prensip ki entèdi foure bouch nan zafè entèn yon Leta.
Yon lòt bò, sila yo ki ranmase kouraj yo pou yo reziste, tonbe nan pyèj kouvri lachte dirijan yo. Gen fwa, yo retwouve yo ap reziste bò kote yon bann enkoni ak yon pil zam fann fwa, ki touche milyonven pou vin ede n masakre tèt nou.
Nou dwe pote yon solisyon alawotè kouraj ak espri sakrifis sitwayen sa yo, pou evite yo tonbe nan tantasyon pèdi pwòp Mounite pa yo.
An nou sove memwa 1803 a
An nou sispann drivaye kò nou toutpatou nan lemonn ak vye espektak makawon sa a, ki pa koresponn ak eskanp figi yon pèp ki fè 1803; vye imaj sa a ap avili nou tout, l ap salopete memwa zansèt nou yo.
18 me 1803, kaptif yo leve kanpe nan Sendomeng ki se pi gwo kan konsantrasyon anplennè nan listwa. Yo janbe yon kalfou desizyon, nan kanpe tèt yo kòm moun lib, anmenm tan yo manifeste mounite yo devan sistèm esklavajis la. Ayiti kale. Li tou tounen yon refij pou pifò kretyen vivan sou latè sistèm sa a mete sou kote, kòm si yo se rejè. Akouchman an fèt ak sezaryèn, sanzatann. Pèsonn pa t prevwa l konsa, poutan, malgre li fèt nan pil doulè ak vyolans, se lapè nou t ap chèche. Lapè pou tout sila yo ki te sangle anba kòd lesklavaj. Depi lè a, nou kwense sou 28 mil kilomèt kare, yo pa janm sispann peze kou Konpè Jeneral Solèy, Manman Libète, paske nou te louvri bra nou pou ranmase tout kòz dwat. Yo mete men anba gagann nou, yo pa janm sispann mete pye sou kou n ! yo bòykote n, yo okipe n, yo anvayi n, yo dwadelòmize n, yo demonkratize n, yo demounize n. Jodi a, sanble yo deside rive nan tobout nou atò, yo fè n tounen chen manje chen, Se nou youn k ap manje lòt.
Enhen, se sa wi l ye ! si nou pa fè anyen, dènye kou sa a, si l pa mennen n anba tè, l ap kokobe n pou yon bon bout tan ! Paske mezanmi, se pa ti eprèv piti non pou mounite nou. Timoun nou yo ap grandi nan mitan krim, kè sote ap fin touye grandèt nou yo, kanta jèn fanm ak jèn gason yo menm, ni brav ni pi renka yo, yo fin depafini tèlman youn ap manje lòt. Se premye fwa nan listwa nou rèy chen manje chen an fewòs konsa. Dènye kou k pou touye koukou, eritaj senbòl zansèt yo ap likide nan laye jenerasyon lahont la k ap kouri prese ranpli pans li ak madichon kòmsi yo pa t deja fè twòp.
Ki jenerasyon n ap kite dèyè pou asire demen ?
Kounye a nou pa nan tan pou n ap detaye kiyès ki reskonsab kisa. Tan de (2) kan an fini. Lis koupab yon bò ak lis bon moun yon lòt bò pa alamòd ankò. Ni viktim ni bouwo anbake nan menm bato lanmò a k ap koule nan mitan lanmè.
Reskonsablite a pa chita sou kisa youn ou lòt pa t fè yè. Reskonsablite a nan angajman nou, jodi a menm, pou n konstwi lapè, pou n sove diyite nou tout ak diyiite chak grenn nan nou, pou n bati lespwa ak jenerasyon k ap vini an.
18 me 1803, devan yon gwo malè pandye ki te menase fini ak yo tout, zansèt nou yo kouri fè yon inite frajil ki pa t pran tan pou te fisire. Wi, patri dwadelòm nan pa t ezite pran desizyon efase yo tout sou fas tè a. Ki fè se nan mache prese nou kouri kanpe yon abri pwovizwa pou nou foure tèt nou. Yon ti kay frajil, yon kay n ap kore tanzantan ak poto, ti askatiyaj bò isit, ti kouch penti bò lòt bò, joustan ti kay la kapote. Agoni an long, twò long ; tanzantan nou riske pèdi souf, tanzantan nanm nasyon an riske toufe anba dekonm.
18 me 2025, desan vennde (222) lane pita, mons la tounen pi rèd, li bezwen bwè plis san atò, li remete nou devan menm menas ekstèminasyon an, fwa sa a li rive kamoufle atak li a, li reyisi ak anpil ladrès fè se youn k ap dechire lòt. Kèlkilanswa men ki frape a, kit pou l agrese, kit pou l defann tèt li, se yon frè, yon sè ki sakrifye. Pandanstan, veritab lenmi an, rete an maskay, tankou yon men envizib, l ap manipile chak aksyon nou poze pou l vire l kont nou. Dekwa pou n ret bloke nan katchouboumbe chen manje chen an, k ap pwofite yon lenmi ke w pa menm wè.
Lè anpi a tounen ak metòd jenosid pou domine pèp yo.
Kan teknoloji dominasyon an rive kaptire mwend ti jès vyolans lakay nou, pou l fè l tounen enèji pou l repwodui tèt li.
Lè yo menm rive livre sekirite nou bay atoufè mèsenè etranje, san yo pa menm chache dizon popilasyon an.
Lè nou tonbe nan bouyay melimelo nèt, kote chak jou li vin pi difisil pou n konnen si vwazen an pa yon lénmi.
Anfen, lè kriz lejitimite a tèlman grav, ou pa menm kapab rekonèt nan ki kan dirijan yo ye, èske yo nan kan asasen yo oswa nan kan k ap pwoteje sitwayen yo.
Sèl sa ki fè sans se kouraj pou n chèche Lapè
Lè nou konstate Leta dekonstonbre plat atè, potanta ki sou pouvwa yo pa gen ankenn kè sansib devan kalamite n ap travèse, lyen ki konekte nou youn ak lòt fin dechire, kote li prèske pa ka pyese ankò. Ijans ki prezante devan nou, se frennen tren lanmò a k ap fin deraye wè pa wè.
Jan estratèj jeyopolitik gwo pisans yo defini l lan, nou wè nwa nan jwèt k ap jwe a. Chak pa nan makay la se yon bat kò anplis ki foure nou pi fon nan labim decheyans san retou a.
Paske si sèl objektif nou se pou n siviv, kouri touye yon lòt pou n chape poul nou anvan yo touye n, se yon batay ki p ap mennen ankenn kote, nou tout nou deja pèdi davans si n pa jwenn kouraj pou n fè Lapè a.
Se pa nan konte pou konnen ki bò sou barikad la ki gen plis kadav k ap debousaye chemen an pou yon demen miyò. Se machann lanmò yo ki toujou genyen nan tout lagè frè manje frè, tankou jan sa ye nan peyi nou. Sitou lè machann lanmò a, sèl abit siprèm tout malè nou yo, ap tann ak yon apeti voras tou de (2) kan yo bouke, fatige about pou l ranmase miz la.
Wè pa wè, revolisyon an se nan fè Lapè.
Angiz pou n ta fini
Anjeneral, yo rekonèt de (2) jan pou fini yon lagè. Oubyen youn nan advèsè yo kraze lòt la, oubyen tou de (2) advèsè yo rekonèt youn pa ka mete do lòt atè e lè sa a de (2) pati k ap goumen yo, antre nan yon negosyasyon.
Nan ka pa nou an, pa menm gen lagè. Se yon masak planifye pou frè manje frè, pou tout yon popilasyon panike, kouri bay tè a blanch pou gwo malfini vin bouloze. Devan malè pandye sa a ki sou tèt nou an, ranmase kouraj nou pou n fè lapè, se sèl chemen ki rete n pou n frennen tren lanmò sa a ki fin deraye, konsa n ap sispann tounen zouti pou nou disparèt pwòp tèt nou.
Byennere sila yo k ap chache Lapè. Y ap pote non pitit Bondye.