Manm
Rasin Ganga
Viking Merceron, ki ekri anba non vanyan "Rasin Ganga" nan jounal sou entènèt "Haïti Progrès", se yon entèprèt ak editoryalis ayisyen ki angaje nan dekolonizasyon ak liberasyon mantal total kapital tout ayisyen kont sistèm neyo-kolonyalis la epi k ap milite pou Ayiti libere anba anpriz enperyalis mondyal yo.
Papi Zo
Jean-Claude Zo Chérubin se yon chèchè ayisyen ki espesyalize nan istwa ak kilti Ayiti. Li se pwofesè nan inivèsite, kote li pataje konesans li sou divès aspè nan eritaj ayisyen an. Travay li kontribye anpil nan konpreyansyon pi fon sou istwa ak kilti peyi a. Anplis ansèyman, li patisipe nan divès kalte emisyon radyo kote li diskite sou sijè enpòtan ki gen rapò ak Ayiti. Li defann tou figi revolisyonè ayisyen tankou Makandal, yon lidè esklav ki te jwe yon wòl enpòtan nan rezistans kont kolonizasyon fransè a.
-
Pages